Sou nou

JMS MULTI SERVICE LTDA

Avni ou se misyon nou.

Yon konpayi ki la pou fasilite demach chak jou kominote ayisyen an, avèk serye, senplisite ak respè.

Prezantasyon

Kiyès nou ye?

JMS MULTI SERVICE LTDA reyini plizyè sèvis esansyèl nan yon sèl kote. Nou akonpaye moun ak biznis nan demach administratif yo, vwayaj, transfè lajan, dokiman, teknoloji ak fòmasyon.

Viza ak imigrasyon

Nou prepare epi swiv dosye yo; desizyon final la se otorite yo ki pran l.

Vwayaj

Èd pou chèche ak rezève biyè avyon.

Transfè lajan

Asistans pou voye lajan bay fanmi ak pwòch.

Asistans dokiman

Dokiman, fòmilè ak tradiksyon.

Teknoloji

JMS ERP, yon platfòm pou jere biznis.

Fòmasyon

JMS AKADEMI, fòmasyon an kreyòl.

Orijin

Istwa nou

JMS MULTI SERVICE fèt nan yon volonte pou reponn bezwen kominote ayisyen an: anpil moun te bezwen yon kote yo ka fè konfyans pou jwenn enfòmasyon klè ak akonpayman nan demach yo. Depi kòmansman, objektif nou se rasanble sèvis ki itil nan lavi chak jou epi ofri yo avèk serye ak senplisite.

Misyon nou

Fasilite aksè kominote ayisyen an nan sèvis esansyèl lavi chak jou, avèk konfyans ak senplisite.

Vizyon nou

Vin yon referans nan sèvis aksesib, pwofesyonèl ak inovatè.

Sa ki gide nou

Valè nou

Disiplin

Nou travay avèk lòd, regilarite ak rigè.

Inovasyon

Nou chèche solisyon modèn pou fasilite lavi chak moun.

Onètete

Nou di verite a epi nou respekte pawòl nou.

Travay an ekip

Ansanm nou pi fò pou byen sèvi chak kliyan.

Lidèchip

Fondatè ak Direksyon

Jameson Joseph — Fondatè – PDG

Jameson Joseph

Fondatè – PDG

Fondatè JMS MULTI SERVICE. Li dirije vizyon estratejik ak devlopman konpayi an.

James Ferdy Hercule — Direktè Jeneral (DG)

James Ferdy Hercule

Direktè Jeneral (DG)

Li kowòdone sèvis yo ak operasyon chak jou yo.

Moun ki la pou ou

Rankontre ekip nou an

Jameson Joseph — Fondatè – PDG

Jameson Joseph

Fondatè – PDG

James Ferdy Hercule — Direktè Jeneral (DG)

James Ferdy Hercule

Direktè Jeneral (DG)

Farah Joseph Labastille — Sekretè

Farah Joseph Labastille

Sekretè

Meloude Nacius — Asistan Finans

Meloude Nacius

Asistan Finans

Wood-Nathan Joseph — Asistan Dokiman

Wood-Nathan Joseph

Asistan Dokiman

Pwomès nou

Angajman nou

Transparans

Enfòmasyon klè sou chak etap demach ou.

Akèy imen

Nou koute chak moun avèk pasyans ak atansyon.

Respè

Chak kliyan merite respè, kèlkeswa sitiyasyon li.

Akonpayman responsab

Nou swiv dosye ou avèk serye jiskaske demach la fini.